top of page

Zak Asasinay sou 2 Relijyez nan Mibalè.

Ensekirite kontinye ap frape ak fòs nan komin Mibalè, apre yon atak gang te mennen nan lannwit 30 pou rive 31 mas. Pandan atak sa a, de (2)  sè nan kominote relijye Sent Terèz, yon kongregasyon ki angaje nan edikasyon ak èd imanitè, te asasinen san pitye.


Sè Jeanne Voltaire ak Sè Evanette Onezaire te nan misyon nan Mibalè depi plizyè lane. Yo te dedye lavi yo pou ede jenès la ak moun ki pi frajil nan sosyete a. Lanmò yo souke tout rejyon an, kote kongregasyon yo te jwi anpil respè ak estim.

Daprè enfòmasyon yo, bandi yo te atake yo nan Lekòl Nasyonal Mibalè kote yo t ap travay. Temwen nan katye a rapòte nèg ak zam lou te anvayi lekòl la pandan y ap mennen ofansiv yo sou komin Charlemagne Péralte.

« Sè yo te poto mitan kominote a, yo te toujou la pou timoun yo, granmoun yo ak malad yo », daprè sa yon abitan Mirebalais eksplike. Yon lòt manm kominote katolik la ajoute: « Yo te manman, edikatris, fanm lafwa ak konpasyon. Pèdi yo se tankou pèdi yon limyè k ap klere chemen nou. »


Zak sa yo rive nan yon kontèks kote vyolans gang yo ap vale teren an Ayiti. Malgre Mibalè  te konn mwens ekspoze pase lòt vil tankou Pòtoprens, men menas gang pa sispann ogmante. Pandan otorite lokal ak Lapolis ap eseye repran kontwòl sitiyasyon an, popilasyon an kontinye mande plis sekirite pou evite  komin estratejik sa a tonbe anba men bandi.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page