top of page

Yon Tanpèt Nèj Vyolan Frape Eta New York : Gouvènè Hochul Deklare Eta Ijans.

Yon tanpèt nèj vyolan frape Eta New York, sa ki fòse gouvènè Kathy Hochul deklare yon eta ijans samdi 30 novanm 2024 la. Mezi sa a gen ladan onz konte, pami yo konte Érié, kote vil Buffalo sibi gwo presipitasyon ki fè sitiyasyon an vin pi grav.

Sitiyasyon kritik epi sèvis Metewolojik Nasyonal (NWS) nan Buffalo fè konnen nèj ap kontinye tonbe nan zòn lès lak Érié.


Estimasyon yo montre kèk kote kapab resevwa ant 30 ak 60 santimèt nèj anplis nan jou kap vini yo. Nan zòn Watertown ak konte Jefferson, nèj ka tonbe avèk yon entansite 7 a 10 santimèt chak èdtan, pandan lès Ohio ak lwès Eta New York deja akimile plis pase 76 santimèt nèj.


Tanpèt sa a mete anpil rezidan nan difikilte pandan aktivite yo sanse kraze nèt. Otorite yo lanse yon apèl pou pridans, ankouraje moun pou evite tout deplasman ki pa nesesè. Sèvis ijans yo ap kontinye fè travay pou pwoteje popilasyon an fas ak move tan sa a ki rete ekstrawòdinè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page