top of page

Yon lòt nouvote nan mond foutbòl la: Mondyal 2030 lan pral òganize nan 6 peyi epapiye sou 3 kontinan.

Uruguay, Argentine , Paraguay, Espagne, Portugal ak Maroc se 6 peyi ki chwazi pou Mondyal 2030 lan dewoule.1930-2030, edisyon 2030 lan pral make santenè gwo konpetisyon sa, pou rezon sila FIFA enstans k ap òganize pi gwo konpetisyon foutbòl nan monn nan vle rann edisyon sa espesyal nan fè chwa òganize l sou twa kontinan diferan: Amerik, Ewop ak Afrik.


Depi lè Gianni Infantino pran tèt FIFA a gen plizyè nouvote ki vini nan monn foutbòl la, swa nan òganizasyon konpetisyon yo oubyen nan règ jwèt la. Se sou prezidans li yo retire Koup konfederasyon an, kreyasyon yon Mondyal pou klèb yo, Lig Nasyon yo, videyo asistans abitraj la (VAR) elatriye. Seri nouvote sa yo ki agrandi sou kalandriye ekip yo ak jwè yo soulve plizyè plenyen. Rete pou n konnen kijan jwè ki pral gen pou jwe Mondyal 2030 lan pral jere trajè twa kontinan sila nan yon espas yon mwa sèlman.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page