Yon lòt krach avyon lakoz kat (4) moun mouri pami yo yon militè ameriken.
- konektem info
- 7 févr.
- 1 min de lecture
Yè jedi 6 fevriye 2025 lan, yon avyon lame amerikèn tonbe epi lakoz lanmò 4 moun, pami yo 3 kontraktyèl defans amerikèn ak yon militè ameriken nan peyi Filipin.
Daprè kòmandan Indo-Pasifik la, avyon an te gen pou misyon pou bay yon sipò nan ransèyman ak siveyans sou demann alye yo peyi Filipin. Aksidan sa rive pandan avyon sila te nan misyon abityèl li. Pou kounya lame amerikèn poko revele idantite viktim yo, ak konfime si genyen ki soti vivan nan aksidan sa a men yo sèlman rive idantifye 4 kadav.
Nan yon entèval de (2) semèn se preske chak de (2) jou yon nouvèl sou iregilarite ayeryen amerikèn nan. Lè se pa avyon ki fè kolizyon ak elikoptè, eben se kolizyon ak lòt bagay. Anpil moun ap poze tèt yo kesyon eske gen yon malè pandje sou avyon ameriken oubyen sila k ap vole nan syèl ameriken yo?
Comments