top of page

Yon avyon medikal kraze Jodi vandredi 31 janvye nan peyi Etazini.

De (2) jou aprè  krach ki gen rekò plis disparisyon sou teritwa ameriken an depi 21èm syèk la, yon lòt avyon ankò kraze nan syèl ameriken an.


Jodi vandredi 31 janvye a nan Filadelfi, yon avyon medikal eksploze ak sis (6) moun ki te nan ekipaj la daprè yon kominike FAA mete deyò pou anonse trajedi sila. Pami sis (6) pasajè yo, gen yon timoun ki t ap resevwa swen pedyatrik.


Avyon medikal « jet d’affaires Learjet 55» dekole pou kite ayopò Filadèlfi pou direksyon Springfield, nan entèval 6zè aswè a. Aprè 30 segond sèlman aprè dekolaj la, pèson pa t ka jwenn tras li sou rada yo nan yon distans 1 600 pye parapò ak tè a.


Avyon an kraze nan yon zòn kote anpil moun frekante pa two lwen ak yon sant kòmèsyal ki pote non Roosevelt Mall. Yon abitan temwanye li te tande eksplozyon an epi santi tè a te souke ak li pandan li te gentan kwè se yon atak ak bonm.


Pou kounya poko gen bilan sou sitiyasyon sila. Eske gen Moun ki mouri ? Konbyen ? Nan sans gouvènè eta Filadelfi a Josh Shapiro deklare l ap mete tout resous disponib pou jere krach Sila a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page