Yon Avyon Japan Airlines Frape yon Aparèy Delta sou Tarmak Ayopò a.
- konektem info
- 6 févr.
- 2 min de lecture
Yon avyon Japan Airlines antre an kolizyon ak yon avyon Delta Air Lines ki te estasyone sou tarmak ayopò entènasyonal Seattle-Tacoma. Malgre gwo domaj materyèl ki fèt, otorite yo konfime pa gen okenn viktim.
Avyon Delta a, yon Boeing 737 ki te prèt pou vòl li ale Puerto Vallarta, Meksik, te frape pandan li t ap tann degivraj la fèt. Enpak la fèt nan yon zòn kote kontwòl ayeryen pa sipèvize mouvman sou tè a. Dapre responsab Konpayi Delta yo, 142 pasaje ki te sou avyon an pa t sibi okenn domaj.
Nan lòt bò a, avyon Japan Airlines lan, ki te sot fè plis pase uit (8) èdtan vòl soti Tokyo, te frape pati dèyè aparèy Delta a. Imedyatman apre aksidan an, otorite ayewopò yo ak sèvis sekou te fè dilijans pou evakye pasaje yo san pwoblèm. Plizyè videyo ki sikile sou rezo sosyal yo montre Zèl avyon Japonè a te fin transpèse Dèyè Boeing Delta a.
Kolizyon sa a vini nan yon moman kote plizyè ensidan grav ap rive dènye moman sa yo, ki lakoz anpil laperèz sou nivo sekirite ayeryen yo Ozetazini. Semèn pase a, yon elikoptè militè ak yon avyon American Airlines te antre an kolizyon, sa ki te lakoz 67 moun mouri. Yon lòt aksidan, ki rive kèk jou apre, te lakòz yon avyon medikal kraze nan Filadèlfi, touye tout pasaje li yo ak yon moun ki te nan espas Avyon an te ateri a.
Malgre kolizyon nan Seattle pa t fè viktim, li soulve kesyon sou jesyon trafik yo nan pi gwo ayopò ameriken yo. Administrasyon Federal Aviyasyon (FAA) deja lanse yon ankèt pou konprann egzakteman sa ki te pase ak pran mezi pou evite yon lòt ensidan menm jan.
Comments