Vyolans Gang san kanpe Nan Solino: Moun Ap Pèdi Lavi ak Byen yo.
- konektem info
- 14 nov. 2024
- 1 min de lecture
Depi yè 13 novanm nan pou rive jou k kounya, katye Solino tounen sèn lagè ak eklatman vyolans san rete ant gang yo. Pandan echanj kout zam yo, plizyè sivil pèdi lavi yo, pami moun sa yo ajan SWAT Jeff Petit-Dieu, yon defansè kouraje ki te abitye patisipe nan pwoteksyon katye sa a, te tonbe anba bal nan kafou Peyan. Trajèdi sa a ki akonpanye ak lanmò twa lòt sivil, bay katye a yon lòt vag laperèz ak dezolasyon.
Sitiyasyon sa a lakòz yon gwo panik kote moun ap kouri pou yo sove lavi yo, anpil nan yo kite kay yo prese prese san direksyon. Kèk fanmi te oblije chache refij nan espas pwoteksyon tankou lokal OPC (Ofis Pwoteksyon Sitwayen), nan Bourdon ak pati politik KID ki nan menm zòn nan. Kriye, dezolasyon, ak chay panik anvayi katye vwazen tankou Bas-Peu-de-Chose, Nazon, Delmas 30, ak menm Tabarre, kote abitan yo ap viv anba menas.
Dènye vag vyolans sa a mete limyè sou nesesite pou gen plis sekirite nan zòn metwopolitèn nan, kote gang kontinye etann enfliyans yo malgre jefò lapolis ak lòt fòs sekirite nasyonal yo. Popilasyon an, toujou viktim move zafè sa yo, ak page rad sou tèt yo ap kouri nan lari pandan y ap mande èd pou retounen nan lapè ak estabilite.
Comments