top of page

Vil Les Cayes anba dlo: Lapli ravaje, plizyè santèn fanmi san abri.

Aprè yon gwo lapli k ap tonbe san rete soti lannwit lendi 11 pou rive jodi madi 12 novanm nan, vil okay twouve l nan yon sitiyasyon alèt kote dlo inonde plizyè katye nan santral vil sa. Boulevard Quatre Chemins, Ri Catagena, Pont Centre ak lòt zòn enpòtan ankò konnen gwo domaj, sa lakòz plizyè enfrastrikti tankou lekòl ak lopital pa fonksyone.


Fas ak gwo deblozay sa a, plizyè santèn fanmi kouri kite kay yo de (2) men nan tèt pou al kache nan kèk abri kote kondisyon yo pa menm reponn. « Menm rad m pa t sove. Nou jis rale kò nou pou chèche yon kote san danje pou timoun yo », dapre sa yon manman ki viktim rakonte. Koulye a, moun sa yo ap lite pou jwenn manje, dlo pwòp, ak èd medikal, pandan elektrisite ak lòt sèvis nesesè yo koupe nan plizyè zòn.


Daprè kèk espesyalis, dezòd sa a ka yon siy lòt chanjman klimatik k ap vini, e yo ensiste sou nesesite pou peyi a fè plis efò pou pwoteje kominote ki pi vilnerab yo kont dezas natirèl yo. Anfas kriz sa a, gen gwo apèl ki lanse pou jwenn èd prese prese, pandan anpil moun ap mande entèvansyon òganizasyon lokal ak entènasyonal pou akonpaye moun ki viktim yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page