Vatikan Apwouve desizyon Kote Yon masisi kapab vin Pè Nan Peyi Itali.
- konektem info
- 11 janv.
- 1 min de lecture
Nan yon desizyon enpòtan ki pibliye sou sit entènèt Konferans Evèk Italyen yo, jedi 9 janvye 2025, enfòme direktè seminè yo kòmkwa yo ka konsidere kandida ki vle vin prèt, kèlkeswa preferans seksyèl yo. Evèk yo fè konnen nan evalyasyon kandida yo, fokis la pa dwe sèlman sou tandans seksyèl, men pito sou pèsonalite global chak kandida. Nan dokiman an, yo presize: "Lè nou refere nou a tandans omoseksyèl yo nan pwosesis fòmasyon an, ou paka redui refleksyon yo ak aspè sa sèlman. Fòk nou konprann sa li vle di nan tout kad pèsonalite jèn k ap enskri a."
Angajman Seliba a Obligatwa
malgre ouvèti sa a, Konferans Evèk Italyen yo mete aksan sou obligasyon seliba pou tout kandida, kèlkeswa oryantasyon yo. Dokiman an, ki te apwouve nan mwa novanm 2024, pral aplike sou yon peryòd 3 lane pou evalye efikasite li. Desizyon sa resevwa apwobasyon Vatican, ki kontinye balanse prensip tradisyonèl li yo ak reyalite sosyal modèn yo.
Desizyon sa a antre nan yon mouvman mondyal kote Legliz Katolik ap reflechi sou entegre moun ki gen oryantasyon omoseksyèl pandan y ap respekte prensip li yo. Nan plizyè rejyon, tankou Afrik, gen rezistans konsènan desizyon sa a, pandan nan lòt rejyon tankou Ewòp, yo montre plis ouvèti. Desizyon Konferans Evèk Italyen yo mete aksan sou nesesite pou adapte Legliz la ak reyalite sosyal pandan y ap kenbe angajman moral li yo.
Comments