USCIS kanpe Pwosesis Aplikasyon pou benefisye Pwogram Biden nan.
- konektem info
- 29 janv.
- 1 min de lecture
Administrasyon Trump lan kontinye mete presyon sou migran yo Ozetazini. Apre li te siyen yon dekrè pou mete fen nan pwogram imanitè a, Prezidan Donald Trump bay Depatman Sekirite Enteryè (DHS) lòd pou revize tout pwosesis ki te pèmèt migran yo antre nan peyi a.
Nan yon mizajou piblik ki fèt sou sit entènèt li, U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS) anonse y ap mennen yon egzamen sou pwogram nan, an aplikasyon ak dekrè egzekitif ki te pibliye 20 janvye 2025 lan. Pandan tan sa a, ajans imigrasyon an fè konnen li p ap aksepte okenn nouvo fòm I-134A, dokiman migran yo itilize pou benefisye pwoteksyon imanitè a, jiskaske egzamen sa a fini.
Desizyon sa a mete plizyè milye migran nan enstabilite, sitou moun ki te deja nan pwosesis pou jwenn pwoteksyon imanitè Ozetazini. Li make yon nouvo faz nan politik imigrasyon administrasyon Trump lan, kote restriksyon yo ap vin pi sevè chak jou.
Comentarios