top of page

Trump pran desizyon fèmen Aplikasyon CBP One nan ki fasilite migran rantre Etazini.

Depi premye jou nan manda li, Prezidan Donald Trump  frape fò ak yon seri mezi radikal kont imigrasyon. Li  anonse sispansyon aplikasyon CBP One, yon zouti kle ki te pèmèt prèske yon milyon migran antre legalman Ozetazini ak otorizasyon travay. Desizyon sa a anile tout randevou migran yo te genyen nan 8 pò fwontyè sidwès yo, mete anpil nan yo nan dezespwa.


Mete sou sa, Trump reyaktive politik “Rete nan Meksik,” ki fòse migran yo tann nan peyi kote yo fèt la pandan pwosesis azil yo ap fèt. Li tou sispann pwogram refijye yo pandan 4 mwa epi pran yon pozisyon kont 14yèm amandman an, avèk desizyon pou elimine otomatikman sitwayènte  pou timoun ki fèt Ozetazini, men manman oswa papa l pa yon sitwayen ameriken. Prezidan an anonse  plan li pou ogmante resous pou depòtasyon an mas la, epi ranfòse sipò pou ajan imigrasyon yo.


Mezi sa yo, ki reyalize pwomès kanpay Trump yo, pote gwo konsekans sou kominote migran yo, pandan y ap fè fas ak yon reyalite politik imigrasyon ki vin pi sevè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page