top of page

Trump, nan yon Konvansyon Pwomèt Mezi Sevè kont Dwa moun Transjan yo.

Ayè Dimanch 22 desanm nan, Nan yon konvansyon òganizasyon "Turning Point USA" nan Phoenix, Arizona, Donald Trump Prezidan eli Etazini an, fè konnen depi premye jou li sou pouvwa a, li pral siyen yon dekrè egzekitif pou limite dwa moun transjan yo. Deklarasyon sa a, ki fèt nan evènman "America Fest," montre, avidèy, entansyon li pou retire moun transjan yo nan lame amerikèn, lekòl primè, kolèj ak lise. Anplis sa, Trump fè konnen li pral entèdi patisipasyon gason transjan nan aktivite espòtif fanm yo.


Òganizasyon dwa moun ak kominote LGBTQ+ la denonse mezi sa yo, yo konsidere kòm yon atak kont pwogrè ki te fèt nan batay pou egalite ak enklizyon tout moun. Yo kwè desizyon sa yo pral agrave diskriminasyon ak difikilte moun transjan yo ap konfwonte deja. Nan lòt bò, kèk sipòtè Trump afime mezi sa yo nesesè pou "pwoteje entegrite sistèm edikatif, militè, ak espò yo."


Mezi sa yo poko antre an aplikasyon, yo ka jwenn gwo rezistans nan Kongrè ak nan tribinal yo.Malgre tout polemik yo, sa klè  plan Trump yo pral kontinye pwovoke gwo deba nan sosyete amerikèn nan, pandan mwa k ap vini yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page