TikTok fèmen Ozetazini, li pa Aksesib ni sou Apple ni sou Google.
- konektem info
- 19 janv.
- 1 min de lecture
Apre TikTok te notifye sèvis li yo pa p disponib Ozetazini ankò, Apple ak Google pran yon gwo desizyon ki se retire aplikasyon an nan magazen dijital yo, pou sila k ap viv sou sòl Tonton Sam nan. 2 platfòm sa yo fè etap sa a pou yo respekte yon lwa Kongrè a te vote, ki egzije yo mete entèdiksyon an an aplikasyon.
Depi kounye a, nenpòt moun ki sou teritwa ameriken an epi ki chèche TikTok sou Apple Store oswa Google Play p ap jwenn aplikasyon an. Lè yo ekri « TikTok », aplikasyon popilè sa a senpleman pa parèt. Desizyon sa a make yon lòt etap nan tansyon k ap ogmante ant TikTok ak otorite ameriken yo, pandan plizyè milyon itilizatè ap deplore desizyon sila, sitou moun ki te konn itilize aplikasyon sa pou fè lajan ak jere biznis yo.
Comments