TikTok fas ak entèdiksyon Ozetazini: Trump anvizaje bay yon pwolongasyon.
- konektem info
- 18 janv.
- 1 min de lecture
Nan yon entèvyou li bay NBC News nan telefòn, samdi 18 janvye a, Prezidan eli Donald Trump fè konnen li trè pwobab pou l bay TikTok yon delè 90 jou anplis anvan entèdiksyon aplikasyon an antre an aplikasyon Ozetazini, jan sa t a dwe fèt demen dimanch 19 janvye a, dapre notifikasyon aplikasyon an gentan voye bay itilizatè yo tou.
Trump deklare li poko pran yon desizyon final, men li konsidere pwolongasyon sa a kòm yon opsyon ki lojik. « Se yon opsyon n ap egzaminen. Pwolongasyon an se yon bagay ki trè pwobab, men se yon gwo dosye, nou dwe gade l avèk atansyon », se sa li eksplike. Prezidan Repibliken an ajoute, si l deside bay delè sa a, l ap fè anons lan lendi 20 janvye a, jou envestiti li.
Sepandan, medya ameriken yo rapòte, menm si TikTok benefisye yon pwolongasyon, aplikasyon popilè a ap fèmen kanmenm pandan yon jounen pou pi piti, yon desizyon ki kontinye souliye tansyon ki egziste ant TikTok ak otorite ameriken yo.
Comments