TikTok demanti enfòmasyon ki fè kwè milyadè ameriken an Elon Musk pral achte aplikasyon an.
- konektem info
- 16 janv.
- 1 min de lecture
«Pure fiction » atravè mo sa yo TikTok demanti enfòmasyon ki t a fè kwè konpayi ByteDance ap chache vann aplikasyon TikTok, yon fason pou pa tonbe anba entèdiksyon peyi Etazini an. Dapre Bloomeng patwon Tesla ak aplikasyon X, Elon Musk la, se kandida ideyal pou t a achte TikTok ki riske pa disponib sou okenn platfòm nimerik sou teritwa ameriken apati 19 janvye 2025 lan.
Aplikasyon TikTok la gen anviwon 170 milyon abòne ameriken. Dimanch 19 janvye a TikTok riske pa disponib sou okenn platfòm aparèy nimerik sou teritwa Tonton Sam nan sizanka konpayi ByteDance pa dezanje de aplikasyon an. Konpayi pwopriyetè TikTok la ByteDance konteste ak tout fòs yo entèdiksyon sila a ki pandje sou tèt yo a, lè yo fè apèl devan lakou siprèm ameriken an.
Toutfwa pa gen gwo lespwa pou Etazini t a retounen sou dezisyon l lan. Pandan tan sa plizyè itilizatè TikTok k ap viv Etazini kòmanse migre vè yon lòt aplikasyon chinwa ki pa two depaman ak TikTok ki pote non «Rednote» ou ankò «Little Red Book» oubyen «Xiahongshu» nan lang madaren an.
Comments