top of page

Tabarre Plonje nan Laperèz ak latwoublay.

Depi 7è nan lannuit, ayè ki te mèkredi 2 avril 2025 lan, komin Tabarre chita sou gwo tansyon akoz yon atak vyolan gang ame mennen sou baz BIM nan, nan klèsin. Daprè sa yon sous lokal fè nou konnen, gang yo te eseye pran kontwòl espas la, men lapolis  te rive mete yo deyò toupre mache Tabarre.


Fas ak sa ki sanble yon eskalad san limit, plizyè rezidan oblije kouri kite kay yo pou chape anba bal ak laterè. Nan zòn Tabarre 27 ak Tabarre 25, bandi yo ap simaye panik epi t a boule plizyè kay nan klèsin, daprè enfòmasyon.


« M te nan lari a, e kounye a mwen pa ka rantre lakay mwen paske gang yo anvayi zòn nan », se sa yon antreprenè ki rete klèsin rakonte. Yon manman  pataje soufrans li: « M oblije kite kay mwen paske yo t ap atake zòn nan. Kòm yon manman, mwen pè pou lavi pitit mwen. »

Malgre mouvman mobilizasyon sitwayen ki te fèt nan Pòtoprens pou mande plis sekirite, vyolans lan ap vin pi grav chak jou.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page