Sèvis ijans yo ap chèche prezidan iranyen "Ebrahim Raïssi", aprè yon aksidan elikoptè prezidansyèl.
- konektem info
- 19 mai 2024
- 1 min de lecture
Elikoptè ki tap transpòte prezidan Iranyen an, Ebrahim Raïssi, sibi yon aterisaj difisil, daprè televizyon leta peyi iranyen, san yo pa bay plis detay.
Chèf lEta te andeplasman ak yon delegasyon byen bonè dimanch 19 Me 2024 la, pou vizite ak inogire yon baraj nan zòn Azerbaydjan ak Prezidan Azerbaydjan Ilham Aliyev.
Malerezman akòz move tan ak bwouya elikoptè ki tap transpòte prezidan, fè yon aterisaj brital daprè sa Minis Enteryè Ahmad Vahidi eksplike nan yon televizyon lEta pandan yon emisyon.
Comments