top of page

"STRATAGEME" Yon fim ayisyen ki rann omaj ak moun ki sibi vyòl.

Pwodiksyon Cinemartistic studios ki baze nan peyi Etazini soti yon ekstrè videyo 3 minit 52 segond nan fim "STRATAGEME" ki mete an sèn moun ki viktim de vyòl.


Nan yon chita pale ke ekip redaksyon konekte m nan te genyen ak reyalizatè fim nan, Roby Pierre avwe nou ke li menm ak staf li pa ka tann kilè pou yo prezante ak gran piblik la ofisyèlman projè sa ki mete an valè kilti Ayisyèn nan e ki pote limyè sou defi ke sosye a ap fè fas chak jou espesyalman koze vyòl la ki se esansyèl fim nan.


"Videyo nou soti a pa yon band anons men pito yon avangou", deklare Roby Pierre ki kontinye di nou; ekip pwodiksyon fim nan ap travay vrèman di e mete tout konpetans yo deyò pou prezante ak piblik la yon fim k ap nan estanda entènasyonal.


Pandan n ap rete konekte pou tout ti detay ki konsè fim nan, nou deja wè nan ekstrè videyo ki soti a anpil bèl efè stidyo ki temwanye konpetans ak gwo travay k ap fèt pou satisfè piblik lan nan yon pi wo nivo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page