Spirit Airlines anonse y ap reprann vòl yo nan Direksyon Ayiti.
- konektem info
- 23 janv.
- 1 min de lecture
Apre plis pase de (2) mwa sispansyon vòl li yo, Spirit Airlines anonse entansyon li pou rekòmanse operasyon avyon li yo an Ayiti. Sispansyon an te fèt nan mwa novanm 2024, apre atak ame ki te vize avyon komèsyal nan Pòtoprens, sa ki te kreye gwo difikilte pou vwayajè yo epi afekte ekonomi peyi a gravman.
Malgre anons sa a, konpayi avyon an poko bay detay sou mezi sekirite yo prevwa pou pwoteje pasaje ak avyon yo. Kèk analis wè desizyon sa a tankou yon “balon esèy” pou tcheke nivo sekirite ak estabilite operasyon avyon yo nan kapital la.
Malgre tout bagay, Spirit Airlines deklare li pa gen plan pou sèvi Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti dirèkteman, kote plizyè santèn travayè rete san travay depi aktivite yo te sispann.
Anons sa a pote yon lèt espwa pou moun ki espere rekòmanse vwayaje epi pou ekonomi lokal la ki bezwen soulajman. Sepandan, li montre tou bezwen ijan pou amelyore sekirite ayeryèn nan yon peyi ki kontinye ap fè fas ak ensekirite ak difikilte ekonomik.
Comments