top of page

Somè OTAN: Peyi OTAN pran angajman pou kontinye sipòte Ikrèn.

"LaRisi kanpe sou batay. Nou paka pèmèt nou rete sou kote" se deklarasyon Prezidan Joe Biden nan diskou ouvèti somè OTAN an. Yon sòmè ki reyini 39 peyi manb yo nan kapital peyi Etazini Wachinton DC, soti 9 pou rive 11 jiyè. Okazyon pou Òganizasyon Trete Atlantik Nò a (OTAN) selebre 75 èm anivèsè alyans militè oksidatal la.



Somè istorik sa a gen pou objektif chita pale sou plizyè ensètitid politik k ap domine nan blok sa a. Pami yo, gè Risi-Ikrèn nan.


Plizyè desizyon deja pran pou ranfòse sipò OTAN ak Ikrèn nan kad batay kont Lame ris lan. Danemak ak Lawoland deja ede Lame Ikrenyèn nan ak plizyè F-16, Mezon Blanch bay garanti Bèljik ak Nòvèj pran founi materyèl pou ranfòse enfrastrikti militè Ikrèn.


46èm prezidan meriken an te pwofite pou montre li an sante pou l pran yon lòt manda nan tèt peyi Etazini. Anmentan, li bay pèp Ikrenyen garanti OTAN ap ede Ikrèn ranfòse sistèm defansiv yo.

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page