top of page

Smith Augustin manifeste dezi pou prezide Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

Yon lòt chanjman nan desizyon KPT, Smith Augustin ta dwe dezyèm prezidan konsèy la nan plas Frizt Alphonse Jean. Aprè Madi 7 me 2024, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT) te rankontre pou mete fen ak divizyon ki te gen nan kò a.


Aprè yon semèn negosyasyon, yo te vote ak 6 vòt pou 1 vòt kont an favè yon prezidans chak 5 mwa. Kat konseye yo ki te dwe prezide: Edgard Leblanc Fils, Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire epi Louis Gerald Gilles.


Finalman aprè Konseye Smith manifeste enterè l pou prezidan tou, reprezantan akò Montana a fè meyakoulpa pou l bay Smith plas li a.


Yon akò ofisyèl te siyen mèkredi 8 me 2024 sou dezisyon rotasyon an ak fè majorite kalifye pase de 5 a 4 vòt sou 7, pou balanse pwa blòk majorite a ki gen 4 konseye yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page