top of page

Sezon Siklòn 2024 : Yon Atelye sou Jesyon Enfòmasyon nan Gran Sid la.

Soti 20 pou rive 22 dawout 2024 la, yon ventèn kad ak volontè ki soti nan depatman Nippes, Sid, Sidès ak Grandans te patisipe nan yon atelye fòmasyon sou jesyon enfòmasyon. Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil la te òganize atelye sa a ki te fèt nan Sant Operasyon Djanm nan Sid, Okay.


Atelye a te gen pou objektif prepare ekip depatmantal yo pou fè fas ak defi sezon siklòn 2024 la. Pandan fòmasyon an, patisipan yo te devlope konpetans enpòtan pou amelyore kowòdinasyon ak repons yo nan ka ijans nan zòn yo.


Efò sa a pou ranfòse kapasite yo montre angajman Pwoteksyon Sivil la pou premyèman pare epi tou diminye enpak katastwòf natirèl nan peyi a.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page