top of page

Sanksyon UE pran kont kèk gwo responsab iranyen yo: leve plim sou do peyi Iran.

Jodi samdi 1er jen an Iran kondane ak tout fòs yo sanksyon Linyon Ewopeyèn (EU) pran kont gwo responsab li yo pami yo minis defans lan Mohammad Reza Ashtiani ak diferan gadyen revolisyon Iranyen yo.


Leta Iranyen kwè sanksyon sa yo san sans yo pa kanpe sou okenn fondman.

UE sanksyone responsab sila yo paske yo bay Repiblik Federal Ris la (Larisi) dron ak misil epi lòt alye nan mwayen Oryan tankou: "houthiste" nan Yemen ak mouvman islamist libanè "Hezbollah".


Yon seri gwoup UE konsidere kòm yon menas pou lapè nan mond lan.

Sanksyon sa yo leve plim sou do Iran. Nan yon kominike Ministè Zafè Etranje a rann piblik nou ka li: "mezi sanksyon sa yo pote anpil regrè. Yon lòt fwa ankò UE sèvi ak agiman ki pase mòd epi ki pa efikas pou sanksyone nou. Sanksyon sa yo chita sou yon bann eskiz ak akizasyon ki san fondman".

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page