top of page

Rutshelle Guillaume resevwa prix Nuits d’Afrique pour la francophonie 2024.

Rutshelle kontinye pran distenksyon entènasyonal aprè pri "Best Caribbean Artist” an oktòb 2023 nan peyi Wonda nan kontinan Afriken an. Jodi a, lendi 22 jiyè Rutshelle resevwa "Prix Nuit d'afrique pour la Francophonie 2024", ki ranfòse rekonesans sipèsta mizik ayisyèn nan. "Pix Nuit d'Afrique pour la Francophonie " kreye nan lane 2016 nan okazyon 30èm anivèsè festival Nuits d’Afrique pour la Francophonie. Pri sila onore yon atis ki gen yon enpak entènasyonal pandan li fè parèt vizyon viv ansanm frankofoni an ak divèsite ekspresyon kiltirèl mond frankofoni entènasyonal la.


Diva ayisèn nan kontinye fè drapo peyi a flote nan sa ki pozitiv. Avan Rutshelle te pran pri a jodi a, ayè li te ofri yon espektak san parèy nan kad 38èm edisyon festival Nuit d'Afrique pour la Francophonie 2024 la nan vil Kebèk peyi Kanada.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page