top of page

Roberto Firmino, ansyen atakan Liverpool la, konsakre pou vin pastè.

Jwè entènasyonal brezilyen, Roberto Firmino Barbosa de Oliviera anpil moun konnen sou non Roberto Firmino oubyen Bobby Firmino anonse sou Instagram konsekrasyon nan ministè pastoral nan yon legliz nan vil kote l fèt la.


"Depi lè mwen jwenn ak Jezikri, m toujou gen anvi fè tout moun konnen lanmou Jezi genyen an. Jodi a, m gen yon lòt responsabilite pou pastore." Se mesaj sa li poste sou kont IG li.


Ansyen atakan Liverpool la gen yon bèl palmarès nan klèb tankou nan seleksyon: chanpyon Lig, chanpyon ak Liverpool nan lane 2019 epi koup America ak Brezil nan menm ane a. Firmino deja konnen kisa l pral fè aprè li mete yon bout ak karyè foutbolè l. N ap raple pou kounya, Bobby Firmino ap jwe nan Al-Ahli an Arabi Sawoudit.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page