top of page

Rezilta egzamen ofisyèl 9èm yo disponib pou Nèf sou dis Depatman.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen rezilta egzamen 9èm Ane Fondamantal pou ane eskolè 2023-2024 la, disponib kounye a pou nèf (9) sou dis (10) Direksyon Depatmantal Edikasyon yo (DDE). Rezilta sa yo pibliye depi dimanch 8 septanm 2024 la.


Dapre enfòmasyon Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE) bay, men pousantaj reyisit pou chak Depatman:


• Nò: 90 %

• Lwès: 89 %

• Nòdès: 84 %

• Latibonit: 83 %

• Nòdwès: 81 %

• Sant: 78 %

• Nip: 75 %

• Sid: 75 %

• Grandans: 73 %


BUNEXE envite direktè lekòl yo vin pran palmarès lekòl yo nan Direksyon Depatmantal ki konsène yo.


MENFP presize rezilta yo pral konplete nan jou k ap vini yo ak sa yo ki soti nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Sidès la, ki se sèl depatman ki poko gen rezilta.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page