top of page

REPSERSH Konteste nominasyon Vickerson Garnier kòm Direktè OFATMA.

Propozisyon pou nonmen Vickerson Garnier kòm direktè OFATMA a pwovoke anpil kontestasyon nan mitan pwofesyonèl sante yo. Nan yon nòt piblik, Réseau des Professionnels de Santé pour le Renforcement du Système de Santé en Haïti (REPSERSH) eksprime enkyetid yo sou mank konpetans M. Garnier, nan domèn sante, yon sektè yo dekri kòm "trè espesyal". « Garnier pa gen ni eksperyans nan jere pwogram sante ni konesans nan kouvèti inivèsèl nan domèn asirans sante », nòt la fè konnen.


REPSERSH estime nominasyon M. Garnier ka mete an danje efikasite OFATMA, yon enstitisyon enpòtan pou kouvèti risk sante nan peyi a. Yo denonse tou mank transparans nan pwosesis seleksyon an, pandan yo soulve relasyon ant M. Garnier ak Konsèye Prezidan Louis Gérald Gilles, yon sitiyasyon ki, dapre yo, ka mennen jerans OFATMA sou baz objektif politik olye de enterè lasante piblik.


REPSERSH mande otorite yo rejte imedyatman nominasyon sa a, epi tabli yon pwosesis ki transparan epi k fèt ak anpil rigè. Yo ensiste sou nesesite pou chwazi yon direktè ki gen eksperyans solid nan jesyon sistèm sante ak asirans maladi.

« Si nominasyon sa t a pase, sa ka afekte gravman kalite swen ak efikasite sante nan peyi a », nòt la avèti.


Pwofesyonèl sante yo ankouraje otorite yo pran mezi pou garanti yon jesyon san patipri ak konpetan nan OFATMA. « Nou egzije yon jesyon pwofesyonèl ki ka reponn defi sante jodi a ak demen yo ».

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page