top of page

Real Madrid ranpòte 15zyèm Tit League des Champions li ak yon viktwa 2 a 0 sou Dortmund nan final.

Samdi Premye jen 2024 la fanatik foutbòl 4 kwen mond lan te reyini pou gade avèk anpil emosyon final League des Champions ki opoze ekip Real la ak ekip Dortmund lan.


Malgre ekip Dortmund lan dominen pandan premye mitan match la, ekip Madrid la montre rezistans li kòm dabitid. Alman yo te kreye anpil okazyon ak frape poto plizyè fwa, mete yon presyon kontinyèl sou defans Madrid la.


Men, jan sa toujou ye, ekip Real Madrid la fini pa ranvèse sitiyasyon an nan dezyèm mitan.

Dani Carvajal ouvè skò a nan 74èm minit, epi Vinicius Jr make yon lòt gòl nan 83èm minit pou asire viktwa a.


Siksè sa a nan Ligue des champions an konfime yon lòt fwa ankò kapasite Real Madrid pou briye nan moman desizif yo epi enskri non li pami pi gwo klèb Ewopeyen yo. Sipòtè Madrid yo selebre avèk fyète viktwa sa a ki ranfòse estati lejandè ekip yo a.

Комментарии

Оценка: 0 из 5 звезд.
Еще нет оценок

Добавить рейтинг
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page