top of page

Real Hope kalifye pou Lig chanpyon CONCACAF 2025 lan.

Real Hope, klèb dezyèm vil peyi a, Okap, kalifye pou jwe pi gwo konpetisyon klèb nan rejyon CONCACAF la. Malgre sa gen plizyè sezon depi chanpyona nasyonal la pa rive fèt kòmsadwa. Real Hope reyisi leve foutbòl klèb ayisyen an nan pi gwo tribin foutbòl nan rejyon an.


Aprè viktwa 3 a 2 yo, aswè madi 3 desanm nan, kont Moca FC klèb dominiken an  nan yon match wololoy, kapwa yo keyi tikè kalifikasyon an lè yo genyen doub konfrontasyon an 4 a 2; 1 a 0 nan ale epi 2 a 3 nan retou a.


Aprè Arcahaie FC an 2021, Cavaly AS nan lane 2023 epi Violet an 2023, Real Hope se katriyèm klèb ayisyen sou senk dènye edisyon yo Lig chanpyon CONCACAF ki pral flote drapo peyi a nan konpetisyon sila.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page