Pwogram Imanitè Biden nan pa Kanpe.
- konektem info
- 15 janv.
- 1 min de lecture
Malgre anpil menas ki vize pwogram nan, Depatman Sekirite Enteryè (DHS) nan Etazini konfime pa gen okenn chanjman ki fèt nan pwogram imanitè Biden nan, pandan de (2) dènye mwa yo. Dapre sa yon responsab te di jounal Miami Herald, "Nou kontinye otorize vwayaj sitwayen ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela. Paralèlman, nou kontinye pwograme randevou CBP One pou moun k ap tann Meksik yo."
Depi pwogram nan lanse an 2023, plis pase 531,000 benefisyè deja antre Ozetazini, ladan yo gen anviwon 211,000 Ayisyen. Otorite ameriken yo deklare pwogram sa yo kontribye anpil pou diminye kantite moun k ap travèse fwontyè a ilegalman.
Pwogram imanitè sa a rete yon limyè lespwa pou plizyè moun k ap konnen yon moman difisil nan peyi sila yo, malgre presyon ak kritik k ap sòti nan plizyè kote.
Comments