top of page

Primati a mande prese prese ak ansyen anplwaye yo pou remèt tout byen enstitisyon ki nan men yo.

Nan yon nòt ofisyèl pibliye jedi 6 jen 2024, Primati Repiblik d’Ayiti mande tout ansyen anplwaye li yo pou remèt tout materyèl ak ekipman yo te itilize pandan kontra yo, espesyalman machinn ak lòt byen enstitisyonèl, daprè atik 12 ak 18 nan kontra yo.


Sekretarya Jeneral Primati a mande pou tout byen yo remèt bay Direksyon Administratif Primati a nan rezidans ofisyèl Premye Minis la, Museau, Delmas 60.


"Aprè piblikasyon nòt sa a, moun ki konsène yo gen 48 èdtan pou yo remèt tout byen yo," daprè nòt la, "Si yo pa obeyi, Primati a pral itilize tout mwayen legal pou rekipere byen yo."


Primati a ensiste sou enpòtans mezi sa a pou asire bon jesyon ak transparans nan resous piblik yo.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page