top of page

Prezidan Peyi Kolonbi deplore kondisyon Etazini ap fè Depòtasyon l yo.

Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, pran yon pozisyon fèm kont depòtasyon Etazini ap òganize pou migran kolonbyen yo. Nan yon mesaj li pataje sou kont ofisyèl Twitter (X) li, dimanch 26 janvye 2025, Petro fè konnen Kolonbi p ap aksepte okenn avyon depòtasyon, toutotan administrasyon Trump lan pa trete migran kolonbyen yo avèk diyite epi respè.


Prezidan an presize  Kolonbi deja refize plizyè avyon militè ki t ap mennen migran depòte nan peyi a. « Mwen pa ka fè anyen si migran yo ap viv yon kote ki pa vle yo ankò. Men si Etazini ap voye yo lakay yo, sa dwe fèt avèk diyite epi respè pou peyi kote yo soti a », li te ekri, dapre The New York Times.


Deklarasyon Petro a mete aksan sou tansyon k ap grandi nan relasyon imigrasyon ant Kolonbi ak Etazini.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page