top of page

Prezidan Leslie Voltaire Jwenn yon Akèy san parèy nan Konferans COP16, nan Peyi Kolonbi.

Prezidan Leslie Voltaire resevwa yon akèy espesyal nan Peyi Kolonbi kote li rankontre ak Prezidan Gustavo Petro epi ak Vis-prezidant Francia Marquez. Prezans li nan COP16, pi gwo konferans mondyal sou divèsite biyolojik, ki rasanble plis pase 23,000 delege, siyifi angajman Ayiti nan lit kont degradasyon anviwònman an.


Pandan rankont sila, Prezidan Petro te pwofite remèsye Ayiti pou sipò istorik li nan endepandans Kolonbi, yon rekonesans ki ranfòse lyen solid ant de (2) nasyon yo. Avèk patisipasyon Ayiti nan COP16, peyi a kontinye montre volonte li pou jwe yon wòl aktif nan zafè anviwònman nan monn nan ak solidarite rejyonal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page