Prezidan Leslie Voltaire Inogire Pò Saint-Louis du Sud la.
- konektem info
- 18 janv.
- 1 min de lecture
Ayè Jedi 17 janvye 2025 lan, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, inogire ofisyèlman nouvo Pò Saint-Louis du Sud la, nan yon seremoni ki te rasanble gwo pèsonalite nan gouvènman an ak nan rejyon an. Pwojè sa a, ki deja konsidere kòm yon etap enpòtan pou devlopman rejyon Sid la, gen pou objektif ranfòse ekonomi lokal la, fasilite echanj komèsyal yo, epi soutni jefò desantralizasyon peyi a.
Nan diskou l, Voltaire te fè konnen enfrastrikti sa a se yon gwo pa pou avni Ayiti. Li mete aksan sou enpòtans pò a nan ankouraje devlopman ekonomik nan rejyon an, epi bay popilasyon an plis opòtinite. Prezidan an tou pwofite anonse yon seri lòt pwojè ki pral lanse pou kontinye chanje figi rejyon Sid la.
Ak inogirasyon Pò Saint-Louis du Sud la, gouvènman an montre angajman l pou soutni devlopman dirab epi amelyore lavi moun ki abite nan zòn riral yo, pandan li travay pou diminye depandans ekonomik kapital la.
תגובות