Prezidan KPT a, Leslie Voltaire lanse "Madi Nasyon an" pou ranfòse dyalòg ak popilasyon an.
- konektem info
- 14 janv.
- 2 min de lecture
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Leslie Voltaire, lanse yon inisyativ inovatè ki rele “Madi Nasyon an”, yon randevou chak semèn ki vize ranfòse kominikasyon ant otorite yo ak sitwayen yo.
Nan premye edisyon sa a, Voltaire te fè yon seri anons enpòtan sou kowoperasyon entènasyonal ak devlopman Ayiti.
1.*Vizit Prezidan Kolonbyen Gustavo Petro nan Jakmèl* :
Youn nan pi gwo nouvèl yo se vizit Prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, ki pwograme pou 22 janvye 2025 nan vil Jakmèl. Vizit sa ap make ak yon konsèy minis ant 2 nasyon yo, kote y ap diskite sou ranfòsman relasyon ant Ayiti ak Kolonbi, espesyalman nan domèn agrikilti, sekirite, ak edikasyon. Leslie Voltaire te souliye vizit sa a fè pati yon estrateji rejyonal pou ranfòse relasyon Ayiti ak Amerik Latin nan.
2. Inogirasyon pòt South St. Louis:
Yon lòt gwo anons fèt pandan sesyon an, se inogirasyon pò South St. Louis, ki pwograme pou 17 janvye 2025. Pwojè sa a, ki fèt gras ak yon patenarya piblik-prive, pral amelyore ekonomi lokal la, fasilite komès nan rejyon Sid la, epi kreye nouvo opòtinite travay.
Priyorite sekirite ak byennèt popilasyon an.
Pou fèmen premye sesyon an, Voltaire te afime ankò angajman CPT a pou amelyore lavi Ayisyen yo, avèk yon konsantrasyon espesyal sou sekirite. Li te mete aksan sou nesesite pou konbat gang yo, yon priyorite li konsidere kòm fondamantal pou estabilite peyi a.
“Madi Nasyon an”, dapre Voltaire, se yon inisyativ ki pral asire yon dyalòg dirèk ant gouvènman an ak popilasyon an, pandan l ap garanti transparans nan kominike sou pwogrè pwojè yo. Randevou sa a make yon nouvo chapit nan yon gouvènans ki pi ouvè epi ki vize pou pote lespwa bay Ayiti.
Comments