top of page

Prezidan Konsèy (KPT), Edgard Leblanc Fils, fè enstalasyon manm Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la.

Nan Villa d'Accueil, Vendredi 23 dawout 2024 la, Seremoni an te tanmen nan prezans Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Me Carlos Hercule, ansanm ak lòt pèsonalite nasyonal.

Sis (6) manm yo se : Enex Jean-Charles (Prezidan), Joram Vixamar, Amary Joseph Noël, Mme Norah Jean François, Mme Widline Pierre, ak Gédéon Charles.


Prezidan Leblanc Fils te eksplike Konferans Nasyonal la ap gen pou misyon adopte rezolisyon enpòtan pou estabilize peyi a. Rezolisyon sa yo ap konsantre sou revizyon Konstitisyon an, defini yon nouvo pwojè sosyete pou mete Ayiti kanpe ankò, ak refòm relasyon ant Leta ak sosyete a, enkli refòm sistèm jiridik ak politik la.


Enex Jean-Charles, Prezidan Komite a, te fè konnen yo pral travay sèlman nan enterè nasyon an, avèk objektif pou kolo tisi sosyal la san yo pa kite enfliyans enterè sektoryèl yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page