top of page

Prezidan Ikrenyen an Revoke Kòmandan Fòs militè Ayeryen an Aprè Aksidan Fatal yon F-16.

Prezidan Ikrenyen an, Volodymyr Zelenskyy, revoke kòmandan fòs ayeryen peyi a, Mykola Oleshchuk, vandredi 30 dawout 2024 la aprè yon avyon chas F-16 ki te fèt ak ekipman Lwès, te fè aksidan epi lakòz lanmò youn nan pi bon pilot Ikrenyen yo.


Desizyon prezidan an, ki te pibliye sou sit entènèt ofisyèl la, fèt kèk jou apre aksidan an, ki te rive lendi 26 dawout lan pandan yon bonbadman Larisi. Zelenskyy te fè konnen li estime gen yon bezwen pou "ranfòse" nivo kòmanndman nan fòs ayeryen an, san li pa presize si desizyon pou revoke Oleshchuk te dirèkteman gen rapò ak aksidan an.


Fòs ayeryen an te enfòme ekspè ameriken yo ap kolabore ak ekip ki ap mennen envestigasyon sou aksidan an. Nan yon diskou, Zelenskyy te remèsye pilot, enjenyè, ak lòt sòlda yo, pandan li te fè apèl pou yon amelyorasyon nan pwoteksyon ak sipò pou sòlda yo.


Lyetnan jeneral. Anatoliy Kryvonozhka pral asime wòl kòm kòmandan pwovizwa fòs ayeryen an. Minis defans Ikrenyen an, Rustem Umerov, te deklare ke revokasyon Oleshchuk la pa gen rapò ak aksidan an, men li konsidere li kòm yon "rotasyon".

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page