top of page

Prezidan Edgard Leblanc Fils retounen Ayiti aprè Asanble Jeneral Nasyonzini.

Dimanch 29 septanm 2024 la, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils, te retounen Ayiti aprè patisipasyon li nan 79yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini nan Nouyòk.


Li te resevwa yon akèy chalere sou tarmak Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture kote Premye Minis Garry Conille ak kèk manm gouvènman an, tankou Minis Afè Etranjè a, Dominique Dupuy, te prezan pou salye li.


Nan yon pwen pou laprès ki te fèt nan Salon Diplomatik la, Prezidan Leblanc te bay yon rapò pozitif sou patisipasyon li nan Asanble Jeneral la. Li te tou pwofite apèl bay tout gwoup ame yo pou yo depoze zam epi ankouraje yon retou lapè ak estabilite nan peyi a.


Prezidan an te souliye enpòtans diskou li te bay nan tribin Nasyonzini an epi li te remèsye tout manm gouvènman an pou kolaborasyon yo, ki te kontribye nan siksè misyon sa a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page