top of page

Prezidan Donald Trump Prete sèman kòm 47tyèm Prezidan Etazini.

Jodi Lendi 20 Janvye 2025 lan, Donald Trump ofisyèlman pran fonksyon l kòm 47yèm Prezidan Etazini. Nan diskou envestiti li, li pwomèt yon nouvo kòmansman pou peyi l, pandan l ap fè deklarasyon fò sou lavni Etazini ak plan politik li yo.


Avèk deklarasyon : "Laj Dò Amerik la kòmanse kounye a. Depi jodi a, peyi nou pral fleri epi repran respè l atravè monn nan." Trump prezante tèt li kòm yon lidè Bondye chwazi pou "renmen Amerik la epi kontribye nan grandè li." Pami priyorite l yo, li pwomèt refòme komès, ranfòse sekirite nasyonal, ak konbat sa li rele "elit radikal ak koronpi."

Trump anonse yon "ijans nasyonal" nan fwontyè Sid Etazini pou bloke antre ilegal ak depòte "milyon etranje kriminèl." Li deklare: "Nou pral kòmanse pwosesis pou retounen migran ilegal yo kote yo soti." Li avèti politik migratwa li yo pral pi sevè pase anvan.


Nan domèn ekonomik, Trump planifye pou enpoze taks sou komès etranje pou "anfavè sitwayen ameriken yo." Li deklare yon "ijans enèji nasyonal" pou ranfòse endepandans enèjetik Etazini ak ankouraje eksplwatasyon resous petwòl yo.


Prezidan an anonse yon gwo misyon eksplorasyon espasyal kote li prevwa voye astwonòt ameriken sou planèt Mas. Nan menm diskou a, li fè konnen administrasyon li an pral rekonèt sèlman de (2) sèks, yon deklarasyon ki pwovoke gwo deba nan peyi a.


Mete sou sa, Trump pran angajman pou reprann kontwòl Kanal Panama, kote li denonse enfliyans Lachin nan rejyon an: "Nou p ap janm kite Lachin kontwole Kanal Panama." Deklarasyon sa a montre volonte li pou mennen yon politik entènasyonal ki agresif.


Pandan Trump rantre nan manda sa a ak gwo pwomès, ekzekisyon plan li yo pral detèmine si vizyon l pou yon "renesans Ameriken" ap reyisi oswa rete yon pwojè kontwovèsyal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page