Jèn Prezidan Peyi Senegal la, Bassirou Diomaye Faye, fè yon deklarasyon istorik pandan diskou li nan okazyon nouvèl ane a, madi 31 desanm 2024. Li anonse fen tout prezans militè etranje sou tèritwa Senegalè a, kòmanse nan ane 2025 lan. Desizyon sa a ranfòse pozisyon li kòm yon lidè angaje pou ranfòse souverènte peyi li.
Prezidan an deklare: "Mwen bay Minis fòs Lame a enstriksyon pou pwopoze yon nouvo doktrin koperasyon sou sekirite ak defans, ki enplike, pami lòt konsekans, fen tout prezans militè peyi etranje nan Senegal." Deklarasyon sa a suiv yon diskou li te fè 28 novanm pase kote li te mande fèmen tout baz militè fransè yo nan peyi a.
Anplis desizyon sa a, Bassirou Diomaye Faye mete aksan sou yon koperasyon estratejik ak divèsifye ki pral retire konplèks kolonizasyon an, pandan li fè konnen tout alye Senegal yo ap konsidere kòm patnè ki egal, nan kad yon vizyon klè pou souverènte Afriken.
Diomaye Faye, yon ansyen militan politik ak lidè pan-Afrikan goch, te monte sou pouvwa a nan mwa avril 2024 ak pwomès pou mete fen nan depandans peyi li sou èd etranje. Li defann yon gouvènans kote prezans oswa absans militè pa vle di yon kraze relasyon diplomatik. Nan mouvman sa a, prezidan an chèche ouvè yon nouvo chapit nan relasyon entènasyonal Senegal la, ki baze sou diyite ak souverènte nasyonal.
Pou anpil obsèvatè, desizyon sa a make yon viktwa nan batay kont enperyalis la epi li enfliyanse lòt peyi nan rejyon Afrik la pou konsidere chimen sila menm jan an.
Comments