top of page

Premye Minis Garry Conille resevwa ekip “Team Ayiti” ki te ranpòte meday bronz lan nan “First Global Challenge”.

Mèkredi 2 oktòb 2024 la, Premye Minis Ayiti a, Dr Garry Conille, te akeyi ekip “Team Ayiti” nan Rezidans Ofisyèl la. Ekip sa a te ranpòte meday an bronz nan edisyon 2024 “First Global Challenge”, yon konkou entènasyonal nan robotik ki te fèt Athènes, Lagrès, soti 26 pou rive 29 septanm. Nan konpetisyon sa a, 197 peyi te patisipe, “Team Ayiti” te genyen tou “Social Media Award” pou enpak yo sou rezo sosyal yo.


Akonpanye ak Minis Jènès, Espò ak Aksyon Sivik la (MJSAC), Niola Lynn Sarah Dévalus Octavius, Premye Minis Conille te felisite jèn ekip Ayiti a pou bèl pèfòmans yo. “Gouvènman an ansanm ak tout nasyon an dwe nou gwo rekonesans pou onè ak fyète nou pote nan peyi a pandan patisipasyon nou nan konkou entènasyonal sa a,” se sa Premye Minis la te deklare. Li te pwomèt pou gouvènman an kontinye bay plis sipò pou ekip “Team Ayiti” a.


Minis Octavius, li menm, te remèsye Premye Minis la pou angajman li anvè jèn yo, espesyalman manm “Team Ayiti”. Li te felisite ekip la pou efò yo, ki se yon sous fyète pou tout Ayiti.


Jèn yo nan ekip “Team Ayiti” a te pwofite salye sipò gouvènman an ak lòt patnè ki te ede yo patisipe nan “First Global Challenge”, ki te fèt nan Peyi Lagrès. Yo te mete aksan sou enpòtans sipò sa a ki te jwe yon gwo wòl nan siksè yo sou sèn entènasyonal la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page