top of page

Premye Minis Garry Conille pran pozisyon kont depòtasyon ak zak rasis Dominiken yo.

Nan kad sizyèm rankont Konsèy Gouvènmantal ki fèt yè mèkredi 16 oktòb 2024 la, Premye Minis Doktè Garry Conille te mete aksan sou kriz migratwa a ak konsekans li genyen sou Ayisyen yo. Konsèy sa a te konsantre sou aksyon Repiblik Dominikèn ki ap depòte an mas Ayisyen yo, san okenn respè pou dwa moun, ak nan yon klima kote zenofobi ap fè ravaj.


Gouvènman ayisyen an, atravè reyinyon sa a, te diskite kijan yo pral reponn prese prese zak diskriminay sa epi asire dwa Ayisyen yo respekte sitou nan peyi Repiblik Dominikèn. Yo mande pou dominiken yo sispann imedyatman tout depòtasyon ki fèt sou baz rasis ak diskriminasyon. Premye Minis la mande respè pou tout konvansyon entènasyonal sou dwa migran yo, epi li egzije pou chak Ayisyen ki depòte jwenn yon tretman ki respekte diyite yo.


Nan reyinyon sa a tou, gouvènman an te fè konnen yo te deja pran dispozisyon pou akonpanye rapatriye yo, sòti nan resepsyon yo rive nan entegrasyon yo ankò nan sosyete a. Se yon jefò kote otorite nasyonal ak lokal yo pral travay ansanm pou asire okenn Ayisyen pa rete sou kote.


Boutofen, Konsèy Gouvènmantal la te eksprime soutyen total li pou Premye Minis Conille nan desizyon li pran pou pa aksepte okenn chanjman nan kabinè a san respekte Konstitisyon peyi a ak akò tranzisyon 3 avril 2024 la. Gouvènman an rete solid nan angajman l pou asire tranzisyon sa a fèt nan lapè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page