top of page

Premye Minis Burkina Faso a Jwenn revokasyon l nan yon kontèks enstabilite politik.

Nan yon desizyon ki souke sèn politik peyi a, Prezidan tranzisyon Burkina Faso a, kapitèn Ibrahim Traoré, siyen yon dekrè vandredi 6 desanm nan, ki mete fen nan manda Premye Minis Apollinaire Joachim Kyélem de Tambèla ak gouvènman li.

Sa vini nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak gwo enstabilite. Nan mwens pase de (2) zan, Burkina Faso te viv de (2) koudeta youn apre lòt. Dènye koudeta a, ki te fèt nan mwa septanm 2022, te mete kapitèn Traoré sou pouvwa a, pandan li te konfye Kyélem de Tambèla plas Premye Minis la.


Depi plis pase yon lane, Kyélem de Tambèla t ap dirije twa (3) gouvènman youn apre lòt. Men, yo revoke l nan yon kontèks kote kriz sekirite a ap agrave. Atak gwoup ame djihadis yo kontinye touye plizyè milye moun epi fòse plizyè santèn ak milye lòt moun kite kay yo.

Desizyon sa a soulve enkyetid sou avni politik ak sekirite Burkina Faso, yon peyi ki deja ap soufri anba tansyon entèn ak gwo difikilte ekonomik.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page