Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé enstale de (2) nouvo minis nan kabinè l.
- konektem info
- 5 déc. 2024
- 1 min de lecture
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te ofisyèlman enstale de (2) nouvo minis delegasyon k ap gen pou travay bò kote li, nan kabinè gouvènman an. Se Joseph André Gracien Jean, ki pral okipe dosye elektoral ak konstitisyonèl, ak Herwil Gaspard, ki responsab solidarite ak zafè imanitè.
Nan diskou li, pandan seremoni an, Premye minis la te mete aksan sou enpòtans misyon ki konfye ak nouvo minis yo, nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak yon gwo kriz. Li ankouraje Joseph André Gracien Jean pou l prepare baz ki nesesè pou òganize eleksyon prezidansyèl k ap vini an, yon etap li estime esansyèl pou retabli estabilite politik, lapè sosyal, ak devlopman dirab.
Mete sou sa, Alix Didier Fils-Aimé te deklare enstalasyon sa a make yon etap kle nan jefò gouvènman an pou retabli lòd konstitisyonèl, ranfòse sekirite nasyonal, epi satisfè bezwen ijan popilasyon ki pi vilnerab yo.
Nan entèvansyon pa l, Herwil Gaspard lanse yon apèl pou aksyon imanitè ak sosyal yo entansifye an favè moun ki deplase yo ak moun ki depòte yo. Li ensiste sou nesesite pou gen yon bon kòdinasyon nan repons imanitè yo, pou limite enpak kriz alimantè ak sanitè yo k ap devaste peyi a.
Tou de (2) minis yo pran angajman pou sèvi peyi a ak sans responsablite epi respekte objektif plan travay gouvènman an. Premye Minis la ensiste sou nesesite pou minis yo travay ansanm, paske eleksyon yo mande yon klima sekirite, pandan estabilite a enpòtan pou jere kriz imanitè yo.
Comments