Premye jounen Kanaval nan Jakmèl konnen yon bèl siksè.
- konektem info
- 20 janv.
- 1 min de lecture
Ayè Dimanch 19 Janvye a, vil Jakmèl t ap layite nan koulè, defile ak animasyon, pandan premye jounen aktivite kanaval yo, yon etap ki make kòmansman preparasyon pou youn nan pi gwo fèt kiltirèl Ayiti. Soti nan kostim rive nan rit mizikal yo, vil la te ofri yon goute avan lòt pi gwo jounen kanaval atistik ki anonse yo.
Tout Lari vil kotyè a te chaje ak animasyon, kote aktè kanavalès yo, ak mas an papye kolorye, tanbou ak kòn, te pote tradisyon an nan tout bèlte li. Gwoup rara, dansè tradisyonèl, ak lòt atis popilè te fè foul la tranble ak pèfòmans ki chaje ak koulè epi enèji. Kòm yon senbòl patrimwàn kiltirèl ayisyen, Jakmèl kontinye demontre dinamis li ak kreyativite li chak ane. Premye jounen sa a, ki byen reyisi, prepare teren an pou vil la resevwa plizyè milye vizitè k ap soti toupatou, nan peyi a ak aletranje pou vini admire fèt sila a.
Pandan preparasyon fèt kanavalès la ap monte an grad, kanaval Jakmel ane sa a pwomèt pou l tounen yon edisyon memorab, kote majik kiltirèl ak atistik ap nan meni an.
Kommentare