Popilasyon Mibalè bloke yon Tibis ki te chaje zam ak minisyon.
- konektem info
- 10 mars
- 1 min de lecture
Yon Tibis ki t ap transpòte zam, bal ak rad tonbe anba men popilasyon an, ayè dimanch 9 Mas la, nan lokalite Triyanon, nan komin Mibalè. De (2) nan kat (4)moun ki te sou machin nan pèdi lavi yo anba men popilasyon an, epi tonbe anba zak jistis popilè a, nou konnen sou non mouvman Bwa Kale.
Daprè enfòmasyon ki disponib, Tibis la t ap sòti nan Sant pou ale nan depatman Lwès, presizeman Delmas 75. Anvan yo te elimine yo, de (2) endividi ki te sou machin nan te konfime destinasyon yo. Lòt de (2) moun ki te avèk yo te sove epi kounye a, popilasyon an ansanm ak fòs lòd yo ap chèche yo san kanpe, daprè sa Frédéric Occéan, delege depatmantal Sant lan, fè konnen.
Zam ak bal yo sezi daprè otorite yo, genyen ladan yo twa (3) zam otomatik ak plizyè bwat katouch. Delege depatmantal Sant lan renouvle detèminasyon li pou travay ak Lapolis, nan tèt kole ak popilasyon an pou anpeche gang yo itilize zòn nan kòm koulwa transpò zam ak lòt materyèl ilegal yo.
Depatman Sant lan ap fè fas ak menas gang ame depi kèk mwa. Gwoup kriminèl, tankou gang kanaran, ap chèche mete men sou zòn nan, men fòs legal yo, sosyete sivil la ak lòt sitwayen kontinye mobilize pou pwoteje kominote yo ak mwayen yo
Comments