top of page

Polisye Désir Jean-Baptiste jwenn arestasyon akoz swadizan lyen l ak yon chèf gang.

Ajan Jean-Baptiste Désir, ki travay nan sèvis sikilasyon nan depatman Lwès 2, ki te rete solino epi k te sispèk kòmkwa l nan konivans ak gang viv ansanm, epi yo te akize k te kontribye nan kraze batay polisye yo t ap fè nan solino ak gang yo, jwenn arestasyon. Enfòmasyon yo rapòte se komisè gouvènman miragwàn nan ki fouke l anba minot.


Pou kounye a, Jean-Baptiste Désir mete an gadavi, pandan otorite yo ap tann DCPJ pran yon desizyon final sou ka sa. Entèvansyon sa a antre nan kad operasyon Komisè Jean Ernest Muscadin ap dirije pou konbat gang nan zòn Grand Sid la.


Ka sa a vin soulve plis kesyon sou posibilite infiltrasyon gang nan mitan fòs lapolis la, yon fenomèn ki kontinye enkyete anpil moun epi ki mande pou lajistis tanmen pran bon aksyon sevè.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page