Polis Kenyan yo ki Nan Misyon an Ayiti fè konnen gen gwo reta nan pèyman salè yo depi de (2) mwa.
- konektem info
- 28 août 2024
- 1 min de lecture
Misyon Miltinasyonal pou Sipò Sekirite an Ayiti, ki sipòte pa Nasyonzini ak plizyè peyi tankou Etazini, Lafrans, ak Kanada, rekonèt gen reta nan peman sa yo. Yo te fè konnen y ap travay pou regle pwoblèm nan pandan yo espere salè yo ap kòmanse antre sou kont bankè yo nan semèn sa a. Anplis, yo te mete mekanis an plas pou asire salè yo ap peye regilyèman chak mwa nan lavni. Apeprè 400 polisye Kenyan ki an Ayiti kounye a, pandan se 1000 yo te planifye pou voye.
Comentarios