top of page

Plizyè Sitwayen Disparèt san jwenn Okenn Repons: Yon Fenomèn k ap Teworize Popilasyon Ayisyen an.

Ayiti ap tonbe chak jou pi plis nan enstabilite pandan disparisyon yo kontinye ap ogmante, espesyalman nan zòn metwopoliten, Pòtoprens. Òganizasyon Combite pou Lapè ak Devlopman (CPD) lanse yon apèl ijan : 19 ka disparisyon yo te idantifye nan mwa novanm 2024. Chif sa yo montre yon kriz imanitè ki pa fè bri, men ki kontinye ap devlope.


Chak jou, fanmi dezespere ap mande èd nan medya yo, atò menm rechèch yo fè nan komisarya, lopital ak mòg yo souvan rete san rezilta. Pami ka ki pi frapan yo, gen twa elèv nan Lycée National de La Saline ki disparèt depi mwa avril 2024. Jiskaprezan, okenn enfòmasyon pa pèmèt yo jwenn kote yo. Yon lòt egzanp se Dickson Oreste, yon militan politik ki pa bay okenn nouvèl depi 18 novanm nan Delmas 48. Sitiyasyon sa a reflete yon klima laterè.


Enkyetid ki soufle sou sosyete a parapò ak disparisyon an mas sa yo soulve gwo kesyon. Eske gen trafik ògàn oswa egzekisyon kache k ap fèt? Òganizasyon CPD fè konnen zak sa yo reflete yon degradasyon grav nan dwa moun nan yon peyi ki deja ap soufri anpil anba ensekirite. Sitiyasyon sa a agrave kriz la epi fè pèp la pèdi plis espwa.


“Fòk sitiyasyon sa a klè!” se sa CPD ap mande pandan yo sèvi ak estati konsiltatif yo nan ECOSOC pou mande yon repons ijan nan nivo entènasyonal.


Yon apèl ijan pou kominote entènasyonal la

Pou rezoud kriz sa a, CPD ap mande Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun mete disparisyon fòse yo nan priyorite li pou ane 2025 la. Yo swete entèvansyon sa a ka ede limen yon ti klète nan chapit sa a ki nwa anpil.


Fas ak tout dram sa yo, Ayiti bezwen yon repons kolektiv prese prese pou palye ak fenomèn sila k ap grandi chak jou pi plis.

2 vues0 commentaire

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page