top of page

Plizyè Evènman Evanjelik Anile / Repòte akòz Fenomèn Ensekirite a

Dernière mise à jour : 25 nov. 2024

«Li Posib» selebrasyon trantyèm ane ministeryèl reveran Louis Destinval, pastè titilè Église de Dieu de Boulard, «Vivre l'atmosphère du ciel sur terre» avèk pastè Grégory Paul, «Reconnaissance à l'Éternel » selebrasyon ventnevyèm anivèsè gwoup Mystère Divin epi konsè vant siyati «L ap konbat pou ou» atis Stanley Georges, se pami gwo evenman ki te prevwa nan milye evanjelik la, men ki anile osinon repòte akòz fenomèn ensekirite malouk k ap feraye nan peyi a pandan de (2) dènye semèn sa yo.

Plizyè milye moun oblije kite lakay yo pou al ajoute sou lis Moun ki te deja ap viv nan abri yo, san konte plizyè enstitisyon oblije fèmen pòt yo, nan divès katye nan kapital la. Gwo latwoublay sa yo fòse plizyè pwomotè nan milye evanjelik la anonse anilasyon oubyen repò kèk espektak ki te pare pou make lespri nou pou fen lane sa a.


Se pou yon twazyèm fwa atis Stanley Georges ak estaf li anile konsè vant siyati premye albòm li, «L ap konbat pou ou», pandan de (2) premye fwa se koz ensekirite a.


Sitiyasyon ensekirite sila pa manke pa simen dout nan tèt pwomotè ki te pare pou planifye ak òganize evenman pandan finisman lane sa a.

Ki lòt pwogram ki pral oblije anile ankò? Osinon, eske milye a ka toujou espere viv yon espektak ki pral kapte atansyon kominote a ?

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page